Map kriye viktwa wi, paske se youn nan ane ki met anpil dlo nan zye’m, M te toujou gen yon tristès ki kache dèyè yon souri, paske’m te pwomèt tèt mwen pou vann pozitivite malgre ça va mal, menm ke’w pa reyalize tout sa’w te swete pendan ane 2024 la,pa met nan tèt ou ke’w rate vòl la, jis travay plis, pa dekouraje, ane 2025 la se ap ane pa’m ke reyisit, sante, richès lokalize’m nan Nom Mèt lavi a e se konsa’m swete’l pou nou, e si’m te deranje yon moun eskize’m , paske ‘M pa tip moun ki renmen blese moun, e M pwomèt nou pou M kontinye pataje plis ak nou mwen renmen nou anpil Mèsi pou sipò nou. Bòn Ane 2025 Team Recettes Idéal.