Lem te piti, yonn nan gro objektif mwen t genyen , se pou’m te fè’w souri san sousi. Paske mwen wè kote dèt te konn fè’w paka domi. Mwen wè kote lapli fin mouye’w, epi soley pral seche’w. Mwen wè kote’w fin achte rad pou nou tout epi w pa achte menm yon sandal pou ou. Mwen wè kote kote’w prete 20.000 dola nan acme, ou peye lekol a 18.000 dola pou nou, ou brase a res 2.000 dola epi pou peye acme 20.000 dola. Mwen wè kote kote’w pat gen jou konje, lendi a vandredi manje kwit nan maten, fritay nan aswè, Samdi lalo,dimanch maten soup joumou pou vann. Mwen wè lem t malad an 2008, ou fou nan potoprens nan chèche lajan pou banm lavi apre Bondye. Mwen wè Mwen wè Mwen wè. Mpap tann se lè fet Manman poum levew wo chak jou se fet ou. Ouvè kòw filolo pitit ou yo avek niece ou Kettly Saint Fleur kanpe deyè’w.
#hallelujah #fyp #success