📌Se konpayi « Space X », ki se pwopriyete Elon Musk, ki te lanse gwo🚀fize « Starship » sa a anlè, nan kad yon vòl yo tap eseye fè nan lespas, ki se te pratikman yon eksplwa teknik. 8 minit 30 segond aprè aparèy la fin dekole, yo ta pral remake gen yon pwoblèm, kote 2 etaj yo ta pral separe. Antrepriz Elon Musk la te pèdi tout kontak ak etaj siperyè fize a, ki te gentan vole ak yon altitid 145 kilomèt. Aprè etaj sa fin eksploze, rès materyèl la gaye epi tonbe nan divès peyi nan rejyon Karayib la tankou Ayiti ak Turks andCaicos. Akoz panik sa te kreye, administrasyon federal avyasyon amerikèn te menm mande konpayi avyon yo pou fon kanpe sou kèk vòl ki tap soti Fort Lauderdale pou ale nan Karayib la | BFMTV, Tektek, NBC News. KREDI: LSV Journaliste #🇭🇹🇭🇹🇭🇹
#Ayiti #Haiti #SpaceX #fize #karayib